Non pa m se Samuel Polidor Accius, anpil moun konnen m sou non SPA. Mwen se yon Enjenyè endistriyèI ki pasyone e ki pran plezi nan tout sa ki banm chans itilize kreyativite m. Se nan men lojik sa ki fè m dekouvri talan videyografi lakay mwen. Sou chanèl sa, mwen deside pataje konesans mwen avèk ou sou kreyasyon kontni, espesyalman kòman pou fè montaj videyo.
Mwen lanse chanèl sa paske mwen vle pwodui epi ba w aksè ak kontni ki gen kalite sou videyografi. E chak jou ki pase, m ap amelyore kalite kontni m ap pwodui yo. Mwen vle ede w aprann epi byen konprann lojik ki dèyè montaj videyo. Men an jeneral, se yon chanèl ki dedye ak tout moun ki kreyatif, tout moun ki renmen kreye, epi tout moun k ap chèche konesans pou amelyore kapasite yo pou kreye. Mwen kreye pou Anseye w, Enspire w epi Divèti w.
Mwen pibliye kontni sou videyografi, vlog, titoryèl, sou ekipman kamera, DIY, videyo vwayaj, elatriye. Mwen pibliye anviwon 1 fwa pa semèn.
Samuel P Accius
Yon chanèl pou kreyatif.